Mwen nan sèvis militè aktif e kounye a mwen rete andeyò eta a, men yo asiyen m nan yon baz nan Florid e mwen gen plan pou m demenaje byento. Èske pitit mwen yo kalifye pou yon bousdetid?
Wi. Si w se yon manm aktif nan Fòs Ame Etazini epi yo te ba w lòd pou chanje estasyon pèmanan pou w demenaje nan Florid, w ap kalifye pou Bousdetid Lekòl Prive (FTC/FES-EO), Bousdetid Abilite Inik (FES-UA) ak Bousdetid PEP anvan w demenaje. Ou ka aplike ak nouvo adrès baz ou a oswa nouvo adrès rezidansyèl Florid la (si w genyen youn) epi telechaje dokiman chanjman estasyon pèmanan w yo ak aplikasyon w lan.
