Si yo jwenn elèv ou a kalifye pou Bousdetid Lekòl Prive a (FTC/FES-EO) epi ou ta renmen chanje pou yon Bousdetid PEP (FTCPEP), ou ka fè sa sèlman anvan dat limit akseptasyon Bousdetid PEP ane sa a. Pou 2025-26, dat limit akseptasyon an te 31 me 2025. Apre dat limit sa a, elèv yo pa kapab chanje soti nan Bousdetid Lekòl Prive a pou ale nan Bousdetid PEP a.
Si yo jwenn elèv ou a kalifye pou PEP, epi ou ta renmen chanje pou yon Bousdetid Lekòl Prive (FTC/FES-EO), pa refize bousdetid li nan EMA. Apre ou fin aksepte bousdetid la, rele nou nan 1-877-735-7837 pou mande chanjman sa a.