Non. Lejislati Florid la detèmine ke Alokasyon Transpò a pa konsidere kòm revni taksab e ou pa bezwen rapòte li nan deklarasyon taks ou.
Sant Èd
Pou yon apèsi sou sa ki chanje nan tout manyèl pwogram Step Up yo (gadyen legal, founisè ak lekòl) ansanm ak Gid Acha Lekòl Prive/PEP nou an:
Gade resous sa yo lè w sèvi ak lyen itil sa yo:
Epi pou w ka wè nouvote ki genyen nan Gid Acha FES-UA a ansanm ak yon lyen ki mennen nan nouvo gid la, sèvi ak lyen sa yo:
Non. Se yon sèl elèv ki nesesè pou yo jwenn li kalifye pou Bousdetid Transpò pou kay la. Elèv yo jwenn li kalifye sou aplikasyon Bousdetid Transpò kay la pa ka apwouve pou yon lòt bousdetid.
Gade videyo sa a pou w aprann plis bagay sou Alokasyon Transpò a .
Non, chak kay ka sèlman resevwa yon sèl Alokasyon Transpò pa ane lekòl si omwen yon elèv sou aplikasyon yo kalifye. Pou yon elèv kalifye, li dwe enskri nan yon lekòl piblik diferan de lekòl piblik ki te asiyen li a.
Non, elèv ki enskri nan lekòl vityèl yo pa kalifye pou resevwa Alokasyon Transpò a.
EMA fèk kòmanse mete estati elèv yo ajou ak yon nouvo tèm: Chwa Bousdetid Konfime.
Estati sa a vle di aplikasyon elèv ou a te apwouve epi yo te detèmine li kalifye pou yon bousdetid. Sepandan, sa pa vle di elèv ou a te resevwa finansman pou ane lekòl li te chwazi a. Li tou senpleman konfime ke yo te apwouve li pou chwa bousdetid li a.
Rapèl sou Notifikasyon Konfimasyon Chwa Bousdetid:
Apre yo fin aksepte yon bousdetid, Step Up For Students ap avize w pa imèl lè yo konfime chwa bousdetid elèv ou a. Yo voye notifikasyon sa yo sou yon baz kontinyèl.
Alokasyon Transpò a se yon peman yon sèl fwa ki egal a $750 pa kay pa ane lekòl. Yo dwe fin distribye lajan an anvan 15 desanm 2026.
Pou plis enfòmasyon, tanpri gade Manyèl Paran nou an sou Alokasyon Transpò.

